Hebrews 10:38
Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan.
Bib La
In The King James Version
Now the just shall live by faith: but if any man draw back, my soul shall have no pleasure in him.
In Context
Cross References
Psalms 5:4(05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
Psalms 147:11Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
Isaiah 42:1Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Ezekiel 18:24Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
Zephaniah 1:6M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.
Matthew 12:18Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m' lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. m'a mete Lespri m' sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.