Hebrews 10:5
Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.
Cross References
Psalms 40:6(040:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
Jeremiah 6:20Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.
Amos 5:21Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.
Matthew 11:3Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
Luke 7:19Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?