Hebrews 11:37
Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
1 Kings 19:1Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo.
1 Kings 19:14Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
1 Kings 21:13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.
2 Chronicles 24:21Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.
Jeremiah 26:23Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.