Hebrews 11:38
Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 22:1David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.
1 Samuel 23:19Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a.
1 Samuel 24:1Lè Sayil tounen soti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezè Angedi a.
1 Kings 14:12Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri.
1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
1 Kings 19:9Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Seyè a pale ak Eli ankò, li di li: -Eli, sa w'ap fè la a?