Hebrews 11:40
Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.
Bib La
In The King James Version
God having provided some better thing for us, that they without us should not be made perfect.
In Context
Cross References
Romans 3:25Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
Hebrews 7:19Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.
Hebrews 8:6Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.
Hebrews 9:23Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.
Hebrews 12:23Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.