Romans 3:25
Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
Cross References
Exodus 25:17W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè.
Psalms 22:31(022:32) Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Psalms 119:142Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
John 6:47Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
Acts 2:23Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.