Hebrews 11:7
Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:13Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
Genesis 7:23Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.
Genesis 19:14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
2 Kings 4:5Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo.
Proverbs 22:3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
Ezekiel 3:17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.