Hebrews 12:25
Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:29Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò.
Numbers 32:15Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.
Joshua 22:15Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:
1 Kings 12:16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
Proverbs 1:24Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.
Proverbs 8:33Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.