Hebrews 12:24
Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:10Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Matthew 23:35Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
Mark 14:24Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
Luke 22:20Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.
Hebrews 7:22Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.