Hebrews 13:15
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.
16Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
Cross References
Leviticus 7:12Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.
2 Chronicles 7:6Prèt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prèt yo t'ap kònen twonpèt, tout pèp Izrayèl la menm te rete kanpe.
2 Chronicles 33:16Li fè repare lotèl Seyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Nehemiah 12:40Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,
Psalms 18:49(018:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
Psalms 50:23Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.