Hebrews 13:14
Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.
Bib La
In The King James Version
For here have we no continuing city, but we seek one to come.
In Context
13Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li.
Cross References
1 Corinthians 7:29Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.
Ephesians 2:19Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.
Colossians 3:1Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
Hebrews 11:9Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye.
Hebrews 12:22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.
2 Peter 3:13Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.