Hebrews 13:21
M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Matthew 6:13Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
Matthew 12:50Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
John 16:23Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
Romans 11:36Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.