Matthew 6:13
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
Bib La
In The King James Version
In Context
12Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
14Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.
Cross References
Exodus 15:18Seyè a ap gouvènen pou tout tan.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
1 Chronicles 4:10Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 41:13(041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!