Hebrews 13:7
Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
Cross References
Matthew 24:45Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
Luke 12:42Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
Acts 7:55Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.
Acts 14:23Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
1 Corinthians 4:16Tanpri, pran egzanp sou mwen.
1 Corinthians 11:1Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.