Akdèzapot 14:23
Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili.
Cross References
Mark 3:14Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.
Acts 1:22depi lè Jan te batize l' la jouk jou li te kite nou an pou l' moute nan syèl la.
Acts 13:1Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.
Acts 15:4Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li.
Acts 15:23Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.
Acts 20:32Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.