Hebrews 2:14
Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
Cross References
Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
Isaiah 53:12Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.
Matthew 25:41Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.
John 12:24Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn.
Romans 8:3Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
1 Corinthians 15:50Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.