Hebrews 2:6
Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
5Bondye pa t' bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an.
Cross References
Job 7:17Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
Job 25:6Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?
Psalms 144:3Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
Isaiah 40:17Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'.
Luke 1:68Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.
Luke 7:16Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.