Hebrews 2:9
Okontre, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l' pi ba pase zanj yo, pou l' te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Koulye a, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 21:3(021:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Matthew 6:28Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad.
Mark 9:1Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa.
John 1:29Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
John 8:52Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.