Mak 9:1
Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 24:30Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
Mark 13:26Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
Luke 2:26Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.
Luke 22:18paske, m'ap di nou sa, depi koulye a mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
John 8:51Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.
Acts 1:6Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò?