Hebrews 3:14
Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 11:17Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k'ap pwofite lèt rasin k'ap nouri pye oliv kay la.
1 Corinthians 9:23Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.
Ephesians 3:6Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
Hebrews 3:1Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
Hebrews 6:4Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
Hebrews 12:10Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.