Hebrews 3:5
Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.
Cross References
Exodus 14:31Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.
Deuteronomy 3:24Seyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouraj. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo.
Deuteronomy 34:5Se la Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri nan peyi Moab la, jan Seyè a te di li t'ap mouri a.
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
Joshua 8:31Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon.
Nehemiah 9:14Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.