Hebrews 4:14
Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 46:10Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo.
Mark 16:19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
Acts 1:11Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.
Romans 8:34Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.
Hebrews 1:2Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.
Hebrews 2:1Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.