Hebrews 7:26
Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Ezekiel 44:27Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Mark 16:19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
Luke 23:22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Luke 23:47Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
Luke 24:46Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.