Hebrews 9:14
nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 19:2-Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.
Numbers 28:9Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.
Deuteronomy 5:26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?
Deuteronomy 17:1Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm.
Deuteronomy 33:27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
2 Samuel 4:11Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè.