Hebrews 9:2
Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a.
Cross References
Exodus 25:8y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.
Exodus 26:33Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.
Exodus 29:1Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.
Exodus 36:8Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
Exodus 39:32Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.
Exodus 40:2-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.