The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 9 › Hebrews 9:4

Hebrews 9:4

Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.

Bib La

In The King James Version

Which had the golden censer, and the ark of the covenant overlaid round about with gold, wherein was the golden pot that had manna, and Aaron’s rod that budded, and the tables of the covenant;

In Context

3Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.

5Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.

Read all of Hebrews 9

Cross References

Exodus 25:10y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè.

Exodus 30:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.

Exodus 37:1Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè.

Exodus 40:3W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.

Leviticus 16:12Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.

Numbers 17:8Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 9:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 9:3Hebrews 9Hebrews 9:5 →