Numbers 17:8
Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a.
Cross References
Genesis 40:10Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi.
Psalms 110:2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
Song of Solomon 2:3Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.
Ezekiel 17:24Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.
Ezekiel 19:14Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.
Hebrews 9:4Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.