Hosea 11:7
Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p'ap vin wete l' sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 78:57Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.
Proverbs 14:14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Jeremiah 7:25Depi jou zansèt nou yo te soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.
Jeremiah 8:5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
Hosea 4:16Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Seyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?