Jeremiah 8:5
Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 1:20Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Jeremiah 3:5Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.
Jeremiah 5:3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Jeremiah 6:17Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.
Jeremiah 7:24Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.