Isaiah 25:8
Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.
Cross References
Psalms 89:50(089:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
Isaiah 30:19Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
Isaiah 60:15Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.
Isaiah 65:19Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!