Hosea 2:1
Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.
Bib La
In The King James Version
Say ye unto your brethren, Ammi; and to your sisters, Ru-hamah.
In Context
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.
Ezekiel 11:20Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo.
Ezekiel 36:28Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.
Hosea 1:9Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
Zechariah 13:9Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.