Hosea 2:15
M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l' nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l' jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l' lè li te jenn lan, lè l' te chape anba men moun peyi Lejip yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.
Cross References
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Judges 8:34Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.
Nehemiah 1:8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.
Isaiah 65:10Plenn Sawon an pral tounen yon jaden zèb pou mouton m' yo, pou moun k'ap sèvi m' yo. Mwen pral lonje bèf mwen yo, moun ki toujou ap chache fè volonte m' yo, nan fon Akò pou yo ka manje.
Jeremiah 2:2-Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.