Jeremiah 2:2
-Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Exodus 14:31Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.
Exodus 24:3Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Deuteronomy 33:3Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.
Proverbs 1:20Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
Song of Solomon 3:6Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.