Hosea 2:7
L'a chache mwayen pou li al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, l'a di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l' zafè m' te pi bon pase koulye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.
2 Chronicles 28:20Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal.
Nehemiah 9:25Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
Isaiah 30:2Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.
Jeremiah 2:28Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!