The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 4 › Hosea 4:13

Hosea 4:13

Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.

Bib La

In The King James Version

They sacrifice upon the tops of the mountains, and burn incense upon the hills, under oaks and poplars and elms, because the shadow thereof is good: therefore your daughters shall commit whoredom, and your spouses shall commit adultery.

In Context

12Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!

14Non. Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.

Read all of Hosea 4

Cross References

2 Samuel 12:10Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen.

2 Kings 23:7Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou.

Isaiah 1:29N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.

Isaiah 57:7Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.

Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Ezekiel 6:13Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 4:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 4:12Hosea 4Hosea 4:14 →