Hosea 4:12
Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!
Bib La
In The King James Version
In Context
11Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
Cross References
Leviticus 17:7Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.
Numbers 15:39Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
Judges 18:5Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.
2 Chronicles 21:13Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.
Isaiah 44:18Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.
Jeremiah 2:27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!