Hosea 4:2
Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 24:5Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.
Isaiah 59:2Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
Jeremiah 5:1Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la.
Jeremiah 5:7Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Jeremiah 9:2Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.