Isaiah 59:2
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:19Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!
1 Samuel 4:3Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Isaiah 57:17Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Jeremiah 5:25Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.
Ezekiel 39:24Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.