Hosea 4:5
Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pa t' dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 9:13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.
Jeremiah 6:4Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 14:15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Jeremiah 23:9Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
Ezekiel 13:9Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la.