Hosea 4:6
Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:28Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la.
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
Job 36:12Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.
Psalms 119:61Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
Proverbs 1:30Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.
Isaiah 1:3Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.