Hosea 5:1
Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout.
Cross References
Judges 4:12Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
1 Samuel 7:6Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
1 Kings 14:7Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 21:12Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.
Jeremiah 13:18Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.
Jeremiah 46:18Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.