Hosea 5:4
Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:12Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,
Psalms 36:1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
Jeremiah 9:6Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 22:15Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pa t' fè lenjistis. Tout zafè l' te mache byen.
Jeremiah 50:38Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.
Hosea 4:6Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.