Hosea 5:3
Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout.
Cross References
Genesis 48:19Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.
1 Kings 12:26Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.
Isaiah 7:5Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou.
Isaiah 7:17Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
Hosea 1:2Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.
Hosea 5:9Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.