The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 6 › Hosea 6:7

Hosea 6:7

Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.

Bib La

In The King James Version

But they like men have transgressed the covenant: there have they dealt treacherously against me.

In Context

6Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.

8Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye.

Read all of Hosea 6

Cross References

Genesis 3:11Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?

2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.

Isaiah 24:5Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.

Isaiah 48:8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.

Jeremiah 5:11Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 31:32Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 6:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 6:6Hosea 6Hosea 6:8 →