Hosea 7:10
Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Seyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m' ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 10:4Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
Psalms 53:2(053:3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.
Isaiah 9:12Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Jeremiah 3:3Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.
Jeremiah 25:5Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Seyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.
Hosea 5:5Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.