Hosea 8:6
Se yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la. Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye. Estati towo bèf moun Samari yo, m'ap kraze l' an miyèt moso.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 23:19Nan tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Seyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo.
2 Chronicles 31:1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.
Psalms 106:19Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.
Psalms 135:15Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Jeremiah 10:3Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.