Hosea 8:7
Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Pèp Izrayèl la fini nèt. Nan je lòt nasyon yo, li tankou yon vye kannari kraze ki pa vo anyen.
Cross References
Deuteronomy 28:33Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
2 Kings 13:3Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
Proverbs 22:8Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
Isaiah 17:11Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini.
Jeremiah 12:13Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil.