Isaiah 45:9
Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 9:4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Job 10:9Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
Job 40:2-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Ecclesiastes 6:10Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.
Isaiah 29:16Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?