Isaiah 10:2
Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
1Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!
Cross References
Exodus 23:6Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis.
Psalms 94:6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
Proverbs 30:14Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
Isaiah 1:23Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.
Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.
Isaiah 29:21moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.