Isaiah 10:3
Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
2 Kings 7:15Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.
Psalms 49:16(049:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
Isaiah 2:20Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
Isaiah 5:26Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!
Isaiah 26:21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.